Gouvènman ameriken an depòte yon 88 lòt imigran ayisyen pou Ayiti nan kad yon nouvo operasyon depòtasyon ki te fèt jedi 1ye oktòb 2026. Pami moun ki te rive yo, te gen 12 fi ak 76 gason. Vòl la te asosye ak seri operasyon depòtasyon U.S. Immigration and Customs Enforcement (ICE) ap mennen sou Ayisyen yo. Dapre done piblik sou vòl yo, avyon an te pran direksyon Kap Ayisyen.
Depòtasyon sa yo ap fèt pi souvan depi fen pwoteksyon TPS pou anpil Ayisyen Ozetazini.













