Ecclésiaste Télémaque, direktè kabinè minis Edikasyon Nasyonal la, Vijonet Déméro, tonbe anba men bandi ayè jedi 23 jiyè 2026 la nan aswè nan zòn Dèlma 31.
Selon enfòmasyon yo, kriminèl yo te fè zak la pandan pwofesè Télémaque t ap antre lakay li. Yon lòt ka kidnaping ankò ki soulve kestyon sou sitiyasyon sekirite a nan peyi a.













