Day: <span>July 24, 2026</span>

Keegan Harricharan pral pase 20 lane nan prizon pou asasina

Yon tribinal federal Ozetazini kondane Keegan Harricharan, 42 lane, a 20 ane prizon pou konplo ak blanchiman lajan. Daprè Depatman Jistis ameriken, lajan li te ede transfere yo te sèvi pou finanse operasyon ki te mennen nan asasina ansyen prezidan ayisyen Jovenel Moïse nan dat 7 jiyè 2021. Ankèt yo revele plis pase 255 000 […]Lire plus...

Mèt peyi yo kidnape direktè kabinè MENFP a.

Ecclésiaste Télémaque, direktè kabinè minis Edikasyon Nasyonal la, Vijonet Déméro, tonbe anba men bandi ayè jedi 23 jiyè 2026 la nan aswè nan zòn Dèlma 31. Selon enfòmasyon yo, kriminèl yo te fè zak la pandan pwofesè Télémaque t ap antre lakay li. Yon lòt ka kidnaping ankò ki soulve kestyon sou sitiyasyon sekirite a […]Lire plus...

Premye tou eleksyon yo fikse pou 13 desanm 2026

Selon kalandriye Konsèy Elektoral Pwovizwa (KEP) pibliye jedi 23 jiyè 2026 la, premye tou eleksyon prezidansyèl ak lejislatif yo prevwa pou 13 desanm 2026. Rezilta yo ta dwe pibliye 9 janvye 2027, pandan dezyèm tou a fikse pou 21 fevriye 2027. Si kalandriye a respekte, Ayiti ta dwe gen yon nouvo prezidan nan lane 2027. […]Lire plus...

Ayiti konnen ki ekip li pral afwonte nan pwochen Lig

Seleksyon ayisyèn nan konnen advèsè li yo pou Lig Nasyon CONCACAF 2026-2027 la. Grenadye yo nan Gwoup A ansanm ak Kostarika, Trinidad, Kiraso, Nikaragwa ak Repiblik Dominikèn. Yo pral jwe 4 match ant mwa septanm ak oktòb 2026. Malgre yo poko gen yon nouvo antrenè apre depa Migné, Grenadye yo deja konnen pwogram yo pou […]Lire plus...

Contact Us