Yon tribinal federal Ozetazini kondane Keegan Harricharan, 42 lane, a 20 ane prizon pou konplo ak blanchiman lajan. Daprè Depatman Jistis ameriken, lajan li te ede transfere yo te sèvi pou finanse operasyon ki te mennen nan asasina ansyen prezidan ayisyen Jovenel Moïse nan dat 7 jiyè 2021.
Ankèt yo revele plis pase 255 000 dola ki soti nan fwod sou pwogram asistans COVID-19 te itilize nan kad konplo a. Plizyè lòt akize deja plede koupab oswa ap tann jijman Ozetazini.













