Nan yon nòt Meri Okap rann piblik jodi dimanch 29 Dawout 2022 a, yo mande piblik la eskiz akoz yo paka kontinye ranmase fatra ki boire vil la, anviwon 2 semèn aprè fèt vil la fin fete 352 lane egzistans li.
Aprè gwo dine an blan ki te fèt, anpil bèl selebrasyon pou limen vil la ak gwo eslogan tankou « Okap pa Ayiti », fatra ap bay responsab yo gwo defi. Meri vil Okap mande Leta Santral pou leve pye l pou rezoud pwoblèm gaz la yon fwa pou tout.