Lendi 31 dawout, madi 1e ak mèkredi 2 septanm 2026 konsakre nan komin Kenskòf kòm 3 jounen dèy nan memwa moun kriminèl yo asasinen 23 out pase a. Jean Massillon ki se majistra komin nan kondane vyolans ki kontinye fèt anlè a pandan l swete gen omaj byen merite ki rann ak inosan sa yo.
Pandan 3 jou sa yo, tout enstitisyon nan dwe pran yon ti tan rekèyman nan memwa moun sa yo.























