Plizyè lekòl kanpe travay jounen lendi 17 novanm 2025 akoz gwoup teworis Viv Ansanm lan ki te anonse kraze brize pou kòmansman semèn sa a. Depi ayè dimanch lan, plizyè lekòl te lage kominike pou anonse paran yo pa voye elèv yo lekòl. Yon seri deriv k ap gen gwo enpak sou fonksyonman pwogram lekòl yo.
Chak fwa Viv Ansanm anonse yon bagay, li entimide anpil moun ak enstitisyon.





















