Daprè plizyè medya nan kapital la, ansyen Pwotektè Sitwayen an, Me Renan Hédouville, anba kòd Ozetazini pandan li t ap chèche regilarize sitiyasyon li. Arestasyon an gen rapò ak dosye ULCC te louvri kont li an 2025 pou plizyè akizasyon, pami yo detounman fon piblik, pasasayon mache piblik dèyè do lalwa ak antrav sou bon fonksyònman lajistis.
Yon sous ki abitye ak dosye a fè konnen otorite imigrasyon ameriken yo ta prevwa depòte Me Hédouville an Ayiti nan jou k ap vini yo.





















