Sekretè d Eta Ameriken an, Marco Rubio te nan telefòn avèk Alix Didier Fils-Aimé pandan jounen vandredi 23 janvye 2026 sa a, selon yon nòt DEA mete deyò. Marco Rubio garanti PM nan ap rete la e mande pou KPT a kraze 7 fevriye 2026 la pandan li di Etazini ap kore Alix nan batay kont ensekirite a.
Pandan tan sa a, dokiman ki mande pou Alix Didier Fils-Aimé ale a nan pakè nasyonal e li bloke la.





















