Madanm Kanye West, Kim Kardashian, mande divòs

haitinewstv.com

Madanm Kanye West, Kim Kardashian, mande divòs

Madanm chantè ak pwodiktè ameriken an Kanye West rann ofisyèl demand divòs li vandredi 19 fevriye pase a. Daprè plizyè medya ameriken, pami yo People, Kim Kardashian pa swete kontinye viv ansanm avèk Kenya West aprè 7 lane maryaj.

Alòske enfliyansez 40 lane a fè konnen Kanye West pa genyen menm anbisyon ak li, epi li pakonn fè konpwomi, pa bò kote pa l rapè afwo-ameriken an deklare rezon divòs la se kèk deklarasyon li te fè pandan kanpay li pou prezidansyèl ameriken an ane pase. Ansyen kandida a te deklare : ‹‹li te vle fè madanm li avòte premye pitit li  »North », men Kim pa t dakò. Se gras ak Kim ki fè pitit sa la jodia.››

Manman 4 pitit la (North, Saint, Chicago ak Psalm) ki sou 3èm divòs li, jije Kanye West te dwe kenbe kèk bagay an prive, daprè BBC News.

Si divòs la fè tou 2 sipèsta yo mal, Kim Kardashian anonse li pra l gen tan kounya pou okipe tèt li ak pitit li yo–menm si se tou lè 2 k ap gen gadinay timoun yo. Bò kote pa l, Kanye West kòmanse vann kèk kado li te bay ansyen madanm li epi deklare li pa vle genyen okenn atachman ak lepase.

Pooshy Rosana

Application mobile

Ajoutez votre titre ici jj j jj j j j

Plus d'articles

Fineray Mikaben ap chante nan Eta Florid, Etazini

Daprè enfòmasyon fanmi li bay, fineray chantè ak gitaris ayisyen an Michael Benjamin alyas Mikaben ap chante dimanch 6 Novanm

Beladè, Lapolis arete 3 prezime bandi e sezi yon kay

Geisoson Succès, Junior ak Cacique Boyoco se non 3 endividi sa yo Lapolis nan komin Beladè arete vandredi 12 Dawout 2022

Une femme assassinée par des agents de la PNH

Ce vendredi 28 janvier 2022, une femme connue sous le nom de Cluny Poly, a été assassinée par les agents

Les États-Unis incluent la République dominicaine dans son plan anti-corruption

Le dĂ©partement d’État amĂ©ricain a publiĂ© le lundi 6 dĂ©cembre 2021 son plan de lutte contre la corruption, une stratĂ©gie

Yon ajan BLTS tonbe anba bal bandi!

Nan moman plizyè ajan BLTS tap tande devye yon tantativ kidnapin nan Ri Kamo, Étienne Pierre Richard, yon ajan BLTS

Jovenel Moïse installe le Conseil National d’Assistance Légale

Dans le but de lutter contre la détention préventive prolongée, l’Administration Moïse-Joseph a procédé à l’installation du Conseil National d’Assistance

Premye twoup kenyan kap vini yo pa pral nan batay

Sòti 23 pou rive 26 me 2024, anviwon 400 ofisye kenyan ap gen pou debake nan peyi a. Daprè sa

Kadejak sou minè pa sispann ogmante nan depatman Grandans

Sòti 5 pou rive 11 me 2024 sa a, daprè IDETTE, gen pou pi piti 5 ka agresyon vyòl ki

Lapolis fizye yon bandi ki t ap tante kidnape yon

« Piti » se sou non sa yo konn prezime kriminèl sa a ki bay lamen ak lanmò maten mèkredi 15 me

Sunrise anonse gran retou li nan Pòtoprens

Sunrise Airways nan yon nòt, anonse l ap retounen ak vòl komèsyal ale retou li yo sou Pòtoprens apati lendi

Plizyè bandi pran bwa kale nan Gresye

Nan yon nouvèl atak bandi Maryani yo al tante fè nan komin Gresye maten madi 14 me a, nan lokalite

Contact Us