Bagay ki poko janm fèt nan peyi d Ayiti, li fèt Sendomeng. Danilo Medina, Leonel Fernandez ak Hipolito Mejia te reyini sou envitasyon prezidan Luis Abinader pou diskite sou kriz migratwa k ap boulvèse 2 peyi yo. Rankont sa a te fèt nan Ministè Defans peyi a kote diskisyon yo te chita sou pwoblèm ensekirite k ap brase bil Ayiti a tou. Avan rankont sa a, 3 ansyen prezidan sa yo te resevwa onè militè.
Luis Abinader akòde anpil enpòtans ak kriz ki gen Ayiti a pou l pa fè enpak sou peyi pa li a.