Lòske enterè Repiblik Dominikèn menase, si sa nesesè, li ka entèvni sou plan militè sou bò pa Ayiti a, se sa prezidan dominiken an, Luis Abinader deklare. Selon jounal dominiken Diario Libre, prezidan an fè deklarasyon sa yo nan yon kontèks kote gen gwo tansyon sekirite e li fè kwè se pou pwoteje enterè Repiblik Dominikèn.
Deklarasyon sa a parèt kòm yon menas diplomatik menmsi pa gen repons k ap bay kote pa Ayiti.




















