Daprè sa pòt pawòl Kremlen an ki se Maria Zajàrova ekri, manda CPI lage dèyè Poutine nan pa itil anyen. Se tan CPI ap pèdi daprè pòt pawòl la paske Larisi pa fè pati Estati Wòm ki kreye Kou Penal Entènasyonal la. Pou Kremlen, manda sa a pa gen anyen pou wè ak lalwa. Li pa gen okenn obligasyon.
Se rapidman gouvènman Larisi a bay repons ak kesyon manda d arè sa a k ap fè anpil tole nan mond lan. Larisi di tribinal sa a pa gen okenn konpetans pou li, menm jan ak kèk lòt peyi ki pa fè l konfyans tou.