Ministè afè etranjè Larisi a anonse lendi li deklare 40 manm misyon diplomatik Almay la “persona non grata”. Se yon aksyon revanj kifkif apre gouvènman alman an te mete deyò menm kantite diplomat ris.
Chèf diplomasi almann nan, ki di desizyon Larisi a se pa yon sipriz, ajoute: “Okontrè, diplomat alman yo t ap travay seryezman pou ranfòse relasyon bileral yo malgre difikilte sikonstans yo; epi, avèk ekspilsyon sa yo se tèt li ankò Larisi fè mal.”