Lapolis Nasyonal d Ayiti (PNH), atravè (BLTS), sezi yon kantite lajan ki rive 45 260 dola ameriken nan Ayewopò Entènasyonal okap la. Daprè yon kominike Direksyon Kominikasyon Polis la (DIKOP) pibliye dimanch 23 dawout 2026, operasyon an te fèt vandredi 21 dawout nan kad yon entèvansyon ajan BLTS yo. Lajan an te sezi nan men yon fanm yo idantifye kòm Guideline Superme, ki daprè enfòmasyon yo bay nan kominike a, soti nan zòn Turks and Caicos. Ajan yo te dekouvri kantite lajan an pandan operasyon an, sa ki te mennen nan arestasyon fanm nan.
Aprè arestasyon an, Guideline Superme te remèt bay otorite konpetan yo pou swivi pwosedi legal la epi pou mennen ankèt sou orijin lajan an ak sikonstans ki antoure posesyon li.





















