Wo grade PNH la sòti yon kominike pou mande tout responsab twoup ak inite nan kò polis la pou konvoke tout polisye nan baz yo apati lendi 17 novanm nan jiskaske yon lòt lòd bay. Tout konje anile e tout polisye dwe sou pòs yo. Konvokasyon sa a fèt anviwon 24è aprè teworis fin anonse y ap bloke peyi a nan kòmansman semèn sa a.
Mobilizasyon yo ap fèt nan moman kote tout je rete brake sou komin Kwadèboukè.





















