Lapolis nan depatman Sidès la arete 3 moun nan dat 21 oktòb 2026, nan lokalite Jean Malwa, komin Jakmèl, nan kad yon ankèt pou agresyon seksyèl ak asosyasyon malfektè, daprè yon nòt Direksyon Kominikasyon Polis la (DIKOP). Daprè enfòmasyon lapolis pibliye jedi 22 oktòb la, moun ki arete yo se Jonathan André, 23 lane, Marcéus Louvens, 23 lane, ak Siméon Naïm, 56 lane. Pandan operasyon an, ajan lapolis yo dekouvri yon zam kreyòl sou Jonathan André. Daprè deklarasyon li, li menm ak akolit li yo t ap itilize zam sa a depi mwa jen 2025.
Pou kounye a, Sèvis Depatmantal Polis Jidisyè (SDPJ) ap kontinye ankèt la pou detèmine nivo enplikasyon chak moun nan zak yo sispèk yo epi pèmèt otorite jidisyè yo pran mezi ki nesesè yo.















