17 teknisyen sa yo te nan 2 machin enstitisyon an kote yo ta pral repare kèk sikwi elektrik ki te an pà n. Kriminèl yo kidnape moun yo epi mande pou EDH bay kouran regilyèman nan Kafou pou yo ka libere. Selon kèk sous anndan EDH, depi vè 3è lendi 8 desanm sa a, kouran a retabli nan Fontamara ak kèk lòt katye nan vwazinaj yo.
Gang yo ap pran elan chak jou k ap pase e yo pliske alèz.




















