Kòtdivwa prevwa deplwaye 812 militè an Ayiti pou vin entegre Fòs Represyon Gang yo. Daprè laprès ivwaryèn, anviwon 100 militè ki soti nan Eta-Majò lame Kòtdivwa a ta dwe rive an Ayiti 23 novanm 2026. Yo pral patisipe nan premye etap deplwaman an.
An total, 812 sòlda peyi afriken sa a pral disponib pou misyon an, ki gen pou objektif kontribye nan batay kont gang ame yo epi ede retabli sekirite sou teritwa ayisyen an.













