Omwen 5 bandi pèdi lavi yo nan echanj kout zam ki te fèt byen bonè nan maten dimanch 15 novanm 2026 la, nan zòn Tibwadòm. Daprè enfòmasyon ki disponib yo, sòlda Fòs Sipresyon Gang (GSF) yo ak ajan Polis Nasyonal d Ayiti te enplike nan echanj kout zam sa a, nan baz Kokorat San Ras […]Lire plus...
114 militè Fòs Lame d Ayiti retounen nan peyi a jounen dimanch 15 novanm 2026 la, aprè yo fin patisipe nan yon fòmasyon militè nan peyi Meksik, nan kad koperasyon ant de peyi yo nan domèn defans. Daprè anbasad Meksik nan an Ayiti, plis pase 1 000 militè ayisyen deja benefisye fòmasyon nan peyi Meksik […]Lire plus...
Marie Étienne Martine Joseph Moïse, ansyen Premye Dam Ayiti, fèk enskri kòm kandida pou prezidan peyi a anba banyè Gwoupman Aktè Demokratik (GAD), daprè enfòmasyon ki disponib yo. Avèk demach sa a, Martine Moïse vin twazyèm fanm ki manifeste entansyon li pou dirije peyi a, pami 33 pèsonalite ki deja fè konnen yo vle patisipe […]Lire plus...
Sòlda FRG yo, ansanm ak ajan Polis Nasyonal d Ayiti, lanse yon operasyon nan baz gang ame yo nan zòn Tibwadòm, nan jounen dimanch 15 novanm 2026 la. Operasyon sa a vize repran kontwòl espas gwoup kriminèl yo ap itilize pou mennen aktivite yo. Gang sa yo ap simen laterè nan zòn nan depi plizyè […]Lire plus...
Kòtdivwa prevwa deplwaye 812 militè an Ayiti pou vin entegre Fòs Represyon Gang yo. Daprè laprès ivwaryèn, anviwon 100 militè ki soti nan Eta-Majò lame Kòtdivwa a ta dwe rive an Ayiti 23 novanm 2026. Yo pral patisipe nan premye etap deplwaman an. An total, 812 sòlda peyi afriken sa a pral disponib pou misyon […]Lire plus...
Kriminèl yo ap mache nan lari epi antre lakay moun, fouye telefòn yo lèfini egzekite yo ak manchèt oubyen ak zam. Selon enfòmasyon plizyè temwen pataje, se yon kalvè moun yo ap monte. Genyen yo maltrete ak kout baton tou. Yon militè Fòs Lame d Ayiti ki t ap soti Gantye pou antre Pòtoprens sanble […]Lire plus...
Anviwon 1 200 nouvo aspiran polisye antre nan Lekòl Nasyonal Polis la, dimanch 15 novanm 2026 la, pou kòmanse fòmasyon yo nan kad 38yèm pwomosyon Polis Nasyonal Ayiti a. Nouvo rekritman sa a fèt kèk jou aprè gradyasyon 1 189 polisye nan 37yèm pwomosyon an, ki te pote non Desalin . Pami ajan ki te […]Lire plus...
Se yon lòt trajedi ki frape popilasyon Ba Latibonit lan9 moun pèdi lavi yo anba men gang Gran Grif, ki boule kadav viktim yo aprè yon atak sanglan nan nwit 13 pou rive 14 novanm 2026 la, nan lokalite Wobè, katriyèm seksyon kominal Lalouyè, nan komin Sen Mak. Daprè òganizasyon Konbit ba Latibonit KONBA, bandi […]Lire plus...
4 sitwayen jamayiken anba kòd lapolis nan yon otèl nan vil Okay, nan depatman Sid peyi a, nan kad yon operasyon ki gen rapò ak trafik dwòg. Daprè enfòmasyon sous lokal yo, yo jwenn 4 moun yo ta pran pandan yo t ap konsome sibstans ki sanble ak marigwana nan moman ajan lapolis yo te […]Lire plus...
