Anviwon 1 200 nouvo aspiran polisye antre nan Lekòl Nasyonal Polis la, dimanch 15 novanm 2026 la, pou kòmanse fòmasyon yo nan kad 38yèm pwomosyon Polis Nasyonal Ayiti a. Nouvo rekritman sa a fèt kèk jou aprè gradyasyon 1 189 polisye nan 37yèm pwomosyon an, ki te pote non Desalin . Pami ajan ki te gradye vandredi 30 oktòb pase a, te gen 242 fanm. Pwomosyon sa a te antre nan kad pwogram P4000+ lan, ki vize ogmante kantite polisye nan enstitisyon an.
Arive nouvo aspiran sa yo reprezante yon lòt etap nan efò PNH ap fè pou ogmante kantite ajan li yo, nan yon moman kote defi sekirite yo rete anpil.













