Alix Didier Fils-Aimé, premye minis defakto peyi d Ayiti pran avyon ayè lendi 8 desanm 2025 nan, pou ale nan peyi Etazini. Li pral patisipe nan konferans peyi ki pral kontribye pou deplwaman fòs respresyon kont gang yo, selon kominike Primati a.
Nèg yo di se yon fòs ki pral ranfòse sekirite nan peyi a epi prepare wout pou eleksyon.




















