Desizyon administrasyon Trump lan pran pou mete fen nan estati pwoteksyon tanporè resòtisan ayisyen yo pa sèlman gen rapò ak imigrasyon. Li ka gen gwo konsekans sou ekonomi plizyè Eta Ameriken paske travayè ayisyen yo jwe gwo wòl nan sistèm ekonomi peyi a an jeneral.
Anpil Repibliken ak Demokrat kont mezi sa a paske selon yo menm, migran yo jwe yon wòl kle Ozetazini.





















