Depi ayè madi a gen yon rimè k ap kouri ki ta fè kwè Ministè Jistis ap transfere Komisè Jean Ernest Muscadin nan vil Jakmèl. Yon rimè ki gentan lakoz gwo leve kanpe nan vil Miragwàn maten mèkredi 31 me a. Komisè gouvènman an di moun yo rete kalm, pa gen bagay konsa vre pandan l remèsye yo pou konfyans yo fè l.
Komisè Muscadin kontinye bay bandi depatman Nip la pou prizon yo pa rapò ak jan l kanpe pou pran defans jiridiksyon li an. Anba kontwòl li, plizyè bandi deja tonbe.