Selon Garry Jean-Baptiste, anpil fwa, gen gwo chèf nan Leta a k ap sikile ak machin san plak gen lòt patikilye ki sèvi ak menm kalite machin sa yo pou fè kidnaping tou. Nan entèvansyon li sou RTVC maten jedi sa a, enspektè divizyonè Garry Jean-Baptiste ajoute plizyè fwa lapolis konn konfiske tip machin sa yo.
Kidonk, selon kòdonatè SPNH-17 la, gen gwo otorite nan leta a ki dèyè zak sa yo.





















