Kempès poko gen anyen ki rive l selon kèk enfòmasyon ki disponib. Aprè yo fin kraze baz misye a kote plizyè chèf gang mouri, Babekyou remèt Kempès bay kriminèl ki rele lanmò 100 jou a paske l te kidnape yon dam e dam sa a se te moun pa lanmò 100 jou. Anndan Viv Ansanm nan moman an, kat la mare katòz paske yo pat konn si Kempès te kidnape tout moun sa yo.
Anplis de bandi ki mouri yo, gen 15 lòt ki te kouri ak Kempès ki twouve yo Kwadèboukè tou.





















