Jovenel Moïse ak opozisyon an pral chita pale nan jou k’ap vini yo, daprè konfimasyon anbasadè Etazini an nan ONU

haitinewstv.com

Jovenel Moïse ak opozisyon an pral chita pale nan jou k’ap vini yo, daprè konfimasyon anbasadè Etazini an nan ONU

Prezidan Repiblik la, Jovenel Moïse ak opozisyon an pral chita pale nan jou k’ap vini yo, daprè anbasadè Etazini an nan ONU, Kelly Craft.

Daprè diplomat la, tout planifikasyon te deja fèt pou aktè yo te rankontre pandan 4 ak 5 jou. Rankont sa yo anile akoz papa chèf leta a ki mouri.

«Akoz papa prezidan Jovenel Moïse ki mouri, rankont ant pati politik yo ki nan opozisyon an ak prezidan an retade», se sa diplomat la revele.

Daprè Kelly Craft, reyalizasyon eleksyon yo nan finisman ane a se yon etap ki enpòtan anpil k’ap pèmèt pouvwa lejislatif la retounen nan plas li.

Sektè demokratik e Popilè a ki pa t janm anonse si l te jwenn envitasyon pou l t al chita pale avèk chèf leta a, voye jete byen lwen deklarasyon diplomat ameriken an.

Pou Me André Michel, okenn negosyasyon pa posib ant opozisyon an ak rejim an plas la. «Nou pa pral negosye pòs sou kadav militan ak sitwayen rejim PHTK a touye. Nou pa pral nan eleksyon avèk Jovenel Moïse. Se chimen tranzisyon n’ap pran», se pozisyon sektè a.

Gouvènman ameriken an ankouraje Jovenel Moïse pou l òganize eleksyon yo nan peyi epi frennen ensekirite a.

Wilner Jean

Application mobile

Ajoutez votre titre ici jj j jj j j j

Plus d'articles

Fineray Mikaben ap chante nan Eta Florid, Etazini

Daprè enfòmasyon fanmi li bay, fineray chantè ak gitaris ayisyen an Michael Benjamin alyas Mikaben ap chante dimanch 6 Novanm

Beladè, Lapolis arete 3 prezime bandi e sezi yon kay

Geisoson Succès, Junior ak Cacique Boyoco se non 3 endividi sa yo Lapolis nan komin Beladè arete vandredi 12 Dawout 2022

Une femme assassinée par des agents de la PNH

Ce vendredi 28 janvier 2022, une femme connue sous le nom de Cluny Poly, a été assassinée par les agents

Les États-Unis incluent la République dominicaine dans son plan anti-corruption

Le département d’État américain a publié le lundi 6 décembre 2021 son plan de lutte contre la corruption, une stratégie

Yon ajan BLTS tonbe anba bal bandi!

Nan moman plizyè ajan BLTS tap tande devye yon tantativ kidnapin nan Ri Kamo, Étienne Pierre Richard, yon ajan BLTS

Jovenel Moïse installe le Conseil National d’Assistance Légale

Dans le but de lutter contre la détention préventive prolongée, l’Administration Moïse-Joseph a procédé à l’installation du Conseil National d’Assistance

Konsèy Prezidansyèl la prete sèman

Anpil moun te panse se nan Vila d Akèy la Konsèy Prezidansyèl la t ap prete sèman, se rete yo

Viv Ansanm di si yo pa jwenn nan manje a,

Pòt pawòl kowalisyon gang ki rele Viv Ansanm nan, Babekyou nan yon deklarasyon fè konnen fòk yo dyaloge avèk yo.

Konsèy la ka enstale jedi 25 daprè Lesly Voltaire

Se Lesly Voltaire menm, reprezantan Lavalas nan Konsèy Prezidansyèl la e kandida pou prezidan ki pataje sa ak laprès. Li

Yon avyon militè ameriken debake an Ayiti an granmoun

Maten madi 23 avril sa a, gen yon avyon militè ameriken ki ateri nan Ayewopò Entènasyonal Tousen Louvèti. Daprè enfòmasyon

Konsèy Prezidansyèl la p ap ka enstale nan Palè Nasyonal

Seremoni enstalasyon an ki te dwe fèt mèkredi k ap vini la a sou wout pou repòtè daprè kèk sous

Contact Us