Aprè anpil kritik l ap resevwa sou rezo yo kòmkwa li ta rezide Okap, Léonard Tout-Puissant tout moun konnen sou non Izolan kite vil Okap ayè vandredi a pou ale Kanada. Daprè sa l di nan laprès, Izolan pa gen entansyon rete Okap sèlman li gen yon biznis ak yon asosye, sa ki pèmèt li toujou pase nan Nò peyi a. Daprè atis la, se sèlman yon semèn l ap fè Kanada.
Izolan pwomèt pou retounen sou kritik l ap plede resevwa sou entènèt la avan lontan.













