Premye Minis defakto ayisyen an, Alix Didier Fils-Aimé kite peyi d Ayiti pandan wikenn sa a pou l al patisipe nan 81yèm sesyon Asanble Jeneral Nasyon Zini yo k ap fèt nan syèj Nasyon Zini an New York. Aktivite yo ap kòmanse 22 septanm. Daprè Primati, Alix ap gen pou l rankontre anpil otorite etranje […]Lire plus...
FBI fouke antreprenè ayisyen Samir Handal jounen dimanch 20 septanm 2026 sa a pou enplikasyon prezime l nan asasina Jovenel Moïse 7 jiyè 2021. Handal te sove kite Ayiti aprè dosye a, li t al kache aletranje. Selon jounalis Jacqueline Charles, Handal ap parèt devan yon jij demen lendi 21 septanm lan. Dosye Jovenel la […]Lire plus...
Ashkard Joseph Pierre, youn nan sispèk DCPJ t ap chèche nan kad ankèt sou asasina Jovenel Moïse la ta arete dimanch 20 septanm sa a nan Montréal-Est, Kanada, daprè Telegramme360. Non Pierre te deja parèt nan dosye a, kote otorite jidisyè ayisyen yo te asosye l ak ankèt sou Christian Emmanuel Sanon. Pou kounye a, […]Lire plus...
Yon lòt fwa ankò, yon dosye kriminèl ki gen yon enpòtans istorik pou Ayiti pran chemen tribinal ameriken. Joseph Félix Badio ak lòt akize yo, dirije vè Etazini pou reponn kesyon lajistis ameriken sou lanmò ansyen Prezidan Jovenel Moïse. Men kesyon an rete kanpe devan nou: Ki kote jistis ayisyen an ye nan tout sa? […]Lire plus...
Daprè enfòmasyon plizyè medya sou entènèt ap rapòte, Joseph Félix Badio ansanm ak 17 akize kolonbyen ta dwe kite Ayiti jounen dimanch 20 septanm 2026 la. Se yon avyon ameriken ki gen pou vin pran yo. Selon Passion Info Plus, ajan BRI, SWAT ak EPINES ta deja pare pou eskòte akize yo pou mennen yo […]Lire plus...
Pierre François Sildor ki fèt an 1955, ansyen prezidan Sena Repiblik la ant janvye 2020 a janvye 2021 mouri ayè samdi 19 septanm 2026 la ak 71 lane. Pierre François Sildor te eli senatè anba banyè PHTK. An 2024, li te fè yon estwòk sa ki ta pral rann sante l deteryore. Dènyeman li t […]Lire plus...
Plis pase 253,000 timoun ann Ayiti ka fè fas ak malnitrisyon egi daprè estimasyon UNICEF ak patnè li yo. Vyolans gang yo ap ogmante presyon sou fanmi ki deja vilnerab yo, sitou akoz deplasman popilasyon an ak difikilte pou jwenn manje, swen sante ak sèvis nitrisyon. Kondisyon sa yo kapab mete plis timoun nan risk […]Lire plus...
Aprè anpil kritik l ap resevwa sou rezo yo kòmkwa li ta rezide Okap, Léonard Tout-Puissant tout moun konnen sou non Izolan kite vil Okap ayè vandredi a pou ale Kanada. Daprè sa l di nan laprès, Izolan pa gen entansyon rete Okap sèlman li gen yon biznis ak yon asosye, sa ki pèmèt li […]Lire plus...
