Plis pase 253,000 timoun ann Ayiti ka fè fas ak malnitrisyon egi daprè estimasyon UNICEF ak patnè li yo. Vyolans gang yo ap ogmante presyon sou fanmi ki deja vilnerab yo, sitou akoz deplasman popilasyon an ak difikilte pou jwenn manje, swen sante ak sèvis nitrisyon. Kondisyon sa yo kapab mete plis timoun nan risk pou yo vin malnouri. Daprè estimasyon yo, 253.725 timoun ta ka afekte pandan peryòd la. Nan kantite sa a, anviwon 93.873 timoun ta ka soufri yon fòm malnitrisyon egi grav, pandan 159,852 lòt ta ka afekte pa yon fòm malnitrisyon egi modere.
Òganizasyon imanitè yo mete aksan sou nesesite pou ranfòse prevansyon, deteksyon ak tretman malnitrisyon, sitou nan zòn kote vyolans ak deplasman popilasyon an ap rann aksè ak sèvis esansyèl yo pi difisil.













