“Tout jèn fanm ak jèn gason depi yo ka touye moun, yo ka vin prezidan. Se konsa tou yo vle komisè Muscadin vin chèf d Eta”, se yon pati nan deklarasyon ansyen kolonèl Himler Rebu fè sou Jean Ernest Muscadin. Rebu ajoute, depi l wè komisè a t ap vide moun atè konsa, li te gentan wè se entansyon sa a li te genyen. Komisè Muscadin sanble fè anpil abolotcho politik pè.
Himler Rebu sanble inyore se pèp la ki reklame Muscadin men se pa li ki pot tèt li vini.























