Plizyè moun mouri, anpil lòt blese anba bal san konte kantite kay boule nan Pon Sonde, depatman Latibonit. Aksyon sa yo rive nan sware samdi 29 pou bout dimanch 30 novanm 2025 lan. Se Kriminèl baz Gran Grif la ki fè dega sa yo nan peryòd kote gen anpil chanjman ki fèt nan tèt polis la nan depatman sa a.
Se vire tounen teworis sa yo ap fè dega sou moun Pon Sonde pandan pa janm gen vrè dispozisyon ki pran pou met fen nan sa.





















