Yon grav aksidan sikilasyon rive nan zòn Delmas 33, ri Jan Batis, toupre otèl The Princess Inn nan fen jounen dimanch 23 dawout 2026 la. Se yon machin ki pèdi kontwòl epi antre avèk fòs nan yon baryè kay. Selon premye bilanan, gen 5 moun blese, pami yo yon granmoun ki nan yon eta trè kritik. Temwen yo rakonte granmoun nan te chita trankil nan lakou lakay li lè machin nan kraze baryè a epi frape l dirèkteman.
Chòk la te tèlman vyolan, li ta lakòz viktim nan kase toude pye li. Moun ki blese yo resevwa premye swen pandan yo t ap òganize transpò yo pou mennen yo lopital.





















