Sitiyasyon sekirite a kontinye bay gwo kè sote nan depatman Latibonit. 894 moun, ki reprezante 230 fanmi, oblije kite kay yo aprè vyolans ame ki te fèt nan zòn Jean Deni nan komin Ti Rivyè Latibonit, daprè yon rapò Òganizasyon Entènasyonal pou Migrasyon (OIM). Daprè done Displacement Tracking Matrix (DTM) OIM nan, deplasman sa yo fèt ant 29 out ak 2 septanm 2026, nan yon kontèks kote teworis yo pa sispann sakaje popilasyon an.
OIM fè konnen moun ki deplase yo soti sitou nan lokalite Grand Bérard, Beaufort ak Charron. Pami yo, 92% te pran direksyon Desalin, pandan 8% lòt yo te ale nan Sen Mak pou chèche sekirite.













