Aprè konsèy minis ki òganize madi 11 dawout 2026 la, Jefnie Toussaint vin nouvo Direktè Jeneral Fon Nasyonal Edikasyon (FNE). Li ranplase nan pòs sa a Elysée Collagène ki pa pase anpil tan nan tèt FNE. Jefnie se pwofesè inivèsite, sitou nan Inivèsite Nòtredam d Ayiti ki nan Gonayiv. Jefnie nome nan pòs sa a pou moun ki gen eksperyans nan domèn edikasyon.
Li pral gen pou l mete eksperyans li nan domèn finans ak jesyon pou bon fonksyònman bwat sa a.













