Plizyè atak ameriken fèt kont peyi Venezyela nan sware 2 pou bout 3 janvye 2026 lan. Atak sa yo ki fè anpil dega debouche sou anlèvman prezidan Maduro ak tout madanm li, selon plizyè medya entènasyonal. Aprè atak sa yo, prezidan Trump kouri pran laprès e anonse yon operasyon a siksè kont Repiblik Bolivaryèn nan.
Atak sa a fèt yon fason lach, nan mitan lannuit pandan tout peyi a t ap dòmi.





















