Prezidan ameriken an, Donald Trump, avan li pran avyon pou ale nan peyi Koredisid deklare peyi li a prè pou ede tout peyi nan rejyon an ki frape anba siklòn Melissa yo. Jamayik, Ayiti, Kiba ak Bahamas se kèk nan peyi sa yo. Bò kote pa nou an Ayiti, si èd sa a bay, gen anpil chans pou vrè viktim yo pa lòzèy nan soup la.
N ap raple nan tout peyi ki frape yo, se Ayiti plis moun mouri.





















