Jounalis Guerrier Henry gen pou l pase devan DCPJ lendi 28 jiyè 2025 lan selon yon nòt envitasyon Direktè Santral Polis Jidisyè a ki se Pierre René François voye ba li. DCPJ ap tann Guerrier Henry a 10è pil nan maten pou l vin bay sa l konnen nan kad yon ankèt sou relasyon li genyen ak yon gwo chèf gang ki nan Viv Ansanm.
N ap raple non jounalis sa a souvan site nan relasyon ak gang nan peyi a, menmsi sa poko pwouve.





















