DCPJ prezante 3 prezime asasen nan kad ankèt Evelyne Sincère la

haitinewstv.com

DCPJ prezante 3 prezime asasen nan kad ankèt Evelyne Sincère la

Aprè plizyè inite espesyalize nan lapolis la te fè yon bèl kout filè nan Dèlma 24, lendi 9 novanm nan, bò 3 zè nan maten, yo rive mare 3 prezime asasen nan kad ankèt sou sekestrasyon, vyòl ak asasinay liseyèn nan, Evelyne Sincère.

Direksyon santral polis jidisyè (DCPJ), prezante Obed Joseph ak 2 lòt prezime asasen yo nan kad dosye asasinay sila. Evald Domerçant ki gen 22 lane ak Michel Jerry Domerçant 28 lane, se 2 prezime asasen nan kad dosye sila.

Daprè prezime asasen yo, aprè yo te fin kidnape Evelyne, yo ta pral deside touye ti demwazèl la kèk jou aprè. Nan sans sa, yo ta pral konpoze yon pwazon (bòz ak pwazon rat) bay Evelyne Sincère bwè pou swadizan enfeksyon. Aprè yon ti tan yo ta pral deside toufel ak yon tèt zorye poul te ka mouri pi vit.

Prezime asasen yo, eksplike lè yo fin toufe Evelyne pou l te mouri, yo ta pral mete li nan yon dwoum epi jetel nan fatra nan Delmas 24. Daprè presizyon yo, pat gen moun ki te ede yo, se pote yo te pote dwoum nan.

DCPJ ap fin fè travay li pou defere malfra yo devan kabinè enstriksyon pou swit nesesè nan dosye sa a.

Jeff Jean Joseph

Application mobile

Ajoutez votre titre ici jj j jj j j j

Plus d'articles

Fineray Mikaben ap chante nan Eta Florid, Etazini

Daprè enfòmasyon fanmi li bay, fineray chantè ak gitaris ayisyen an Michael Benjamin alyas Mikaben ap chante dimanch 6 Novanm

Beladè, Lapolis arete 3 prezime bandi e sezi yon kay

Geisoson Succès, Junior ak Cacique Boyoco se non 3 endividi sa yo Lapolis nan komin Beladè arete vandredi 12 Dawout 2022

Une femme assassinée par des agents de la PNH

Ce vendredi 28 janvier 2022, une femme connue sous le nom de Cluny Poly, a été assassinée par les agents

Les États-Unis incluent la République dominicaine dans son plan anti-corruption

Le département d’État américain a publié le lundi 6 décembre 2021 son plan de lutte contre la corruption, une stratégie

Yon ajan BLTS tonbe anba bal bandi!

Nan moman plizyè ajan BLTS tap tande devye yon tantativ kidnapin nan Ri Kamo, Étienne Pierre Richard, yon ajan BLTS

Jovenel Moïse installe le Conseil National d’Assistance Légale

Dans le but de lutter contre la détention préventive prolongée, l’Administration Moïse-Joseph a procédé à l’installation du Conseil National d’Assistance

Konsèy Prezidansyèl la prete sèman

Anpil moun te panse se nan Vila d Akèy la Konsèy Prezidansyèl la t ap prete sèman, se rete yo

Viv Ansanm di si yo pa jwenn nan manje a,

Pòt pawòl kowalisyon gang ki rele Viv Ansanm nan, Babekyou nan yon deklarasyon fè konnen fòk yo dyaloge avèk yo.

Konsèy la ka enstale jedi 25 daprè Lesly Voltaire

Se Lesly Voltaire menm, reprezantan Lavalas nan Konsèy Prezidansyèl la e kandida pou prezidan ki pataje sa ak laprès. Li

Yon avyon militè ameriken debake an Ayiti an granmoun

Maten madi 23 avril sa a, gen yon avyon militè ameriken ki ateri nan Ayewopò Entènasyonal Tousen Louvèti. Daprè enfòmasyon

Konsèy Prezidansyèl la p ap ka enstale nan Palè Nasyonal

Seremoni enstalasyon an ki te dwe fèt mèkredi k ap vini la a sou wout pou repòtè daprè kèk sous

Contact Us