Sepnn premye eleman enfòmasyon yo, se pat Youry Chévry ki te sib prensipal la men pito yon atis trè popilè yo ta sispèk ki kache lakay ajan enterimè meri Pòtoprens lan. Depi 6è jiska 11è nan maten, DCPJ ak plizyè lòt inite nan PNH la te ansèkle kay asyen manadjè Barikad Crew la. Pa gen arestasyon ki fèt nonplis.
Poko gen okenn detay ki bay sou vrè motif fouy sa a.




















