Don Deedson Louicius, Wilson Isidor (2), Yassine Fortuné, se jwè ayisyen sa yo ki pase Repiblik Dominikèn 4 bèl gòl sou tèren lakay li, devan piblik li. Malgre tout pwopagann ak move imaj medya dominiken yo te lage sou Ayiti avan match la, Grenadye yo montre dominiken yo, nan zafè foutbòl sou zile a, Ayiti […]Lire plus...
Seleksyonè ekip nasyonal la, David Badia, ankouraje sipò piblik la pou Grenadye yo pandan ekip la ap prepare pou yon nouvo randevou entènasyonal. Dapre teknisyen an, jwè ayisyen yo prefere evolye devan yon estad ki ranpli, kote yo ka santi prezans ak ankourajman fanatik yo. “Jwè nou yo prefere jwe nan yon estad ki ranpli, […]Lire plus...
Pou anpil Ayisyen, match Grenadye yo kont Repiblik Dominikèn nan pa yon match tankou tout lòt. Li rive lavèy 2 oktòb, yon dat ki rete make nan listwa Ayiti akoz masak 1937 la, kote plizyè milye Ayisyen ak moun ki te gen orijin ayisyen te pèdi lavi yo sou lòd diktatè dominiken Rafael Leónidas Trujillo. […]Lire plus...
Ayiti bat Kosta Rika 2 gòl a zewo pou dezyèm sòti li nan Lig Nasyon Concacaf yo jounen dimanch 27 septanm nan. Jean Lucner Bellegarde te louvri eskò a pandan dezyèm gòl la se Calvo, yon Kostariken ki ta pral make kont kan l. 6 pwen pou Grenadye yo ki dèyè do Kiraso. Pwochen match […]Lire plus...
Aprè retou Ayiti sou pi gwo sèn foutbòl mondyal la nan Koup di Mond 2026 la, atakan Grenadye yo, Wilson Isidor, pote yon mesaj klè : Ayiti dwe retounen jwe lakay li. Nan refleksyon li sou avni seleksyon nasyonal la, Isidor mete aksan sou enpòtans pou Grenadye yo kapab evolye ankò sou tèritwa ayisyen an, […]Lire plus...
Ansyen entènasyonal Kamewounè a Idriss Carlos Kameni, vin nouvo antrenè gadyen seleksyon nasyonal Ayiti a. Kameni, ki te jwe pou Espanyol Barcelone, Malaga ak Fenerbahçe, pote gwo eksperyans entènasyonal nan estaf teknik Grenadye yo. Federasyon Foutbòl Ayisyen an ap make pwen menmsi l ret anpil bagay ki dwe korije.Lire plus...
Melchie Dumornay, youn nan pi gwo jwèz foutbòl ayisyèn yo, nomine pou Balon Dò 2026, youn nan pi gwo distenksyon nan foutbòl mondyal la. Jwèz ayisyèn nan te fè yon sezon remakab ak OL Lyonnes, kote li te montre talan li, regilarite li ak enpòtans li nan ekip la. Pèfòmans li pandan sezon an pèmèt […]Lire plus...
Chavanne Grégoire antre nan listwa espò ayisyen an kòm premye Ayisyen ki ranpòte yon tit mondyal nan kickboxing, daprè sous ki te rapòte viktwa li a. Li te ranpòte tit mondyal World Kickboxing Network (WKN) nan kategori 85 kg, yon reyalizasyon ki make yon premye istorik pou Ayiti nan disiplin sa a. Grégoire te rive […]Lire plus...
Nan yon avi Ministè Jenès Espò ak Aksyon Sivik mete deyò, li fè konnen tout anplwaye ki sou ribrik 110, 119 ansanm ak brigadye yo, lè y ap vin chache chèk yo, fòk yo mache ak fich ki pwouve yo enskri kòm elektè nan rejis elektoral la. Jan nòt la lage a, sanble si sa […]Lire plus...
Federasyon Ayisyen Foutbòl la (FHF) anonse ofisyèlman nominasyon teknisyen espayòl David Badia kòm nouvo antrenè seleksyon nasyonal la. David Badia pral pran direksyon ekipe nasyonal la pandan Ayiti ap prepare pou pwochen defi li yo sou sèn entènasyonal la. Nouvo antrenè a pral gen responsablite pou mete yon nouvo dinamik nan ekip la, amelyore pèfòmans […]Lire plus...
About Us
Hidden Hills property with mountain and city view boast nine bedrooms including a master suite with private terrace and an entertainment. wing which includes a 20-seat theater.
- 15 Cliff St, New York NY 10038, USA
- +1 212-602-9641
- info@example.com
Hidden Hills property with mountain and city views boasts nine bedrooms including a master.
Contact
15 Cliff St, New York NY 10038, USA
+1 212-602-9641
+1 212-228-4808
info@example.com
