Federasyon Ayisyèn Foutbòl la (FHF), soti yon nòt pou bay pozisyon li sou pil reyaksyon ak entèpretasyon ki antoure selebrasyon entènasyonal ayisyen Wilson Isidor te fè pandan li t ap selebre gòl li make pou Grenadye yo kont seleksyon Repiblik Dominikèn nan. Federasyon an di li pran nòt de diferan reyaksyon ak entèpretasyon selebrasyon jwè a te leve sitou lakay vwazen. Li presize, sepandan, selebrasyon an fèt nan yon kontèks espòtif, kote Wilson Isidor t ap eksprime atachman li ak orijin li ansanm ak lanmou li pou drapo ayisyen an.
Daprè Federasyon Ayisyen an, jès sa a pa t fèt kòm yon siy ostilite oswa yon mank respè anvè pèp dominiken an oubyen anvè yon lòt nasyon.













