Nan kad demi final CFU Tchyalenj ki t ap jwe jodi a, seleksyon U-14 la lave Sendomeng 6 gòl a 1. Bitè ayisyen yo se Jerry Petit-Homme, Wensley Dumorne ki make 2 gòl, Jodley Delmas, Eddyson Paul ak Ronelson Pele Janvier. Randevou dimanch 23 dawout pou final la nan Konplèks Espòtif Cap Cana fas ak […]Lire plus...
Ansyen jwè Racing FC des Gonaïves, Daniel Jamesley, kontinye fè pale de li nan foutbòl dominiken an. Atakan ayisyen an fè yon sezon remakab avèk Salcedo FC, kote li te jwe yon wòl enpòtan nan siksè ekip la. Jamesley resevwa tit pi bon jwè chanpyona dominiken an (LDF) pou sezon 2025-2026 la. Li ede Salcedo […]Lire plus...
Seremoni an òganize an prive nan vil Cascais nan peyi Pòtigal jounen madi 11 dawout 2026 la. Selon medya The Sun, seremoni an te dewoule nan yon anviwònman entim an prezans 5 pitit koup la deja genyen ansanm yo. Se atravè yon bag yo afiche sou rezo sosyal yo ki pral kofime Ronaldo ak Georgina […]Lire plus...
Ayiti pral reprezante nan “Jeux Panaméricains 2027” yo e se seleksyon U-20 an ki prale. Jwèt sa yo pral dewoule nan peyi Pewou selon a Concacaf la poste sou kominke kalifikasyon an. Se 3 pi bon peyi Concacaf yo nan kategori foutbòl nan rejyon an ki prale: pou Amerik Nò se Meksik, Amerik Santral se […]Lire plus...
Jèn foutbolè Kiki Ramos antre nan listwa kòm premye jwè ki fèt Ayiti ki pote koulè yon seleksyon an Ajantin. Kiki jwe premye match li ak U-17 Albiceleste a pandan yon rankont amikal kote ekip li a bat Ekwatè 2-1. Kiki Ramos fèt Pòtoprens men li te antre an Ajantin tou piti e se la […]Lire plus...
Klèb anglè Wolverhampton Wanderers (Wolves) anonse entènasyonal ayisyen Jean-Ricner Bellegarde sibi yon blesi dèyè kwis li pandan premye seyans antrènman ekip la semèn pase a. Daprè kominike klèb la, milye tèren an pral obsève yon peryòd rekiperasyon k ap oblije l rete lwen konpetisyon pandan plizyè semèn. Blesi sa a rive pandan klèb la ap […]Lire plus...
Seleksyon nasyonal Ayiti U20 an fè yon viktwa enpòtan 3-2 sou Kiba madi 28 jiyè 2026 sa a nan Chanpyona CONCACAF U20 k ap dewoule nan peyi Meksik. Grenadye ki make gòl Ayiti yo se Miguel Joseph (16e minit), Franco Celestin sou penalite (34e) ak Da-Benz Jacquet nan tan adisyonèl (90+1). Malgre Kiba te make […]Lire plus...
Federasyon Fransèz Foutbòl la (FFF) anonse ofisyèlman nominasyon Zinedine Zidane kòm nouvo seleksyonnè ekip nasyonal Lafrans lan. Ansyen lejand foutbòl la ranplase Didier Deschamps, ki te dirije seleksyon an pandan 14 ane. Daprè FFF, Zidane pral gen misyon pou mennen ekip la nan pwochen gwo konpetisyon entènasyonal yo, ak objektif pou kenbe Lafrans pami pi […]Lire plus...
Gòl entènasyonal ayisyen Wilson Isidor te make pandan Mondyal 2026 la klase an 7ᵉ pozisyon nan klasman ofisyèl 10 pi bèl gòl konpetisyon an. Reyisit sa a mete gòl atakan ayisyen an pami aksyon ki plis make lespri fanatik ak obsèvatè foutbòl atravè mond lan. N ap raple se devan Mawòk Wilson Isidor te make […]Lire plus...
Seleksyon ayisyèn nan konnen advèsè li yo pou Lig Nasyon CONCACAF 2026-2027 la. Grenadye yo nan Gwoup A ansanm ak Kostarika, Trinidad, Kiraso, Nikaragwa ak Repiblik Dominikèn. Yo pral jwe 4 match ant mwa septanm ak oktòb 2026. Malgre yo poko gen yon nouvo antrenè apre depa Migné, Grenadye yo deja konnen pwogram yo pou […]Lire plus...
About Us
Hidden Hills property with mountain and city view boast nine bedrooms including a master suite with private terrace and an entertainment. wing which includes a 20-seat theater.
- 15 Cliff St, New York NY 10038, USA
- +1 212-602-9641
- info@example.com
Hidden Hills property with mountain and city views boasts nine bedrooms including a master.
Contact
15 Cliff St, New York NY 10038, USA
+1 212-602-9641
+1 212-228-4808
info@example.com
