Don Deedson Louicius, Wilson Isidor (2), Yassine Fortuné, se jwè ayisyen sa yo ki pase Repiblik Dominikèn 4 bèl gòl sou tèren lakay li, devan piblik li. Malgre tout pwopagann ak move imaj medya dominiken yo te lage sou Ayiti avan match la, Grenadye yo montre dominiken yo, nan zafè foutbòl sou zile a, Ayiti se mèt koze a. Pandan operasyon sa a, Isidor te rate yon penal. Yon kal k ap rete pou listwa nan tèt dominiken yo.
N ap raple Wilson Isidor pran yon lejè blese nan match sa a men nou espere l ap ka reprann li fas Kosta Rika pou dènye soti Ayiti nan Lig Nasyon CONCACAF yo.













