Seleksyonè ekip nasyonal la, David Badia, ankouraje sipò piblik la pou Grenadye yo pandan ekip la ap prepare pou yon nouvo randevou entènasyonal. Dapre teknisyen an, jwè ayisyen yo prefere evolye devan yon estad ki ranpli, kote yo ka santi prezans ak ankourajman fanatik yo. “Jwè nou yo prefere jwe nan yon estad ki ranpli, olye de yon estad ki vid. Yo se pwofesyonèl. Se kalite match sa yo menm yo renmen jwe” se sa David Badia deklare.
Seleksyonè a mete aksan sou enpòtans patisipasyon fanatik yo pou kreye yon bèl anbyans pandan match la.













