Pou anpil Ayisyen, match Grenadye yo kont Repiblik Dominikèn nan pa yon match tankou tout lòt. Li rive lavèy 2 oktòb, yon dat ki rete make nan listwa Ayiti akoz masak 1937 la, kote plizyè milye Ayisyen ak moun ki te gen orijin ayisyen te pèdi lavi yo sou lòd diktatè dominiken Rafael Leónidas Trujillo. Se vre, listwa pa chanje sou yon teren foutbòl. Men foutbòl kapab pote fyète, emosyon ak inite pou yon pèp. Se poutèt sa Grenadye yo pral antre sou teren an ak yon sèl objektif espòtif: defann koulè ble ak wouj yo epi chèche viktwa a.
Fwa sa a, pa gen bal, pa gen zam, pa gen vyolans. Se balon won an k ap pale!













