Melchie Dumornay, youn nan pi gwo jwèz foutbòl ayisyèn yo, nomine pou Balon Dò 2026, youn nan pi gwo distenksyon nan foutbòl mondyal la. Jwèz ayisyèn nan te fè yon sezon remakab ak OL Lyonnes, kote li te montre talan li, regilarite li ak enpòtans li nan ekip la. Pèfòmans li pandan sezon an pèmèt li antre nan lis jwèz k ap lite pou prestijye trofe sa a.
Se dezyèm fwa nan karyè li Melchie Dumornay nomine pou Ballon d’Or pa France Football. Nouvo nominasyon sa a reprezante yon rekonesans enpòtan pou travay ak pwogrè jwez la, pandan li kontinye ap fè non Ayiti briye sou sèn foutbòl entènasyonal la.













