Day: <span>September 8, 2026</span>

Yon lòt ekip migran arete ankò nan Turks and Caicos

Sa poko gen 2 jou depi otorite Turks and Caicos te entèsepte yon bato ki te gen 207 migran abò. Jodi a, yo anonse yon lòt operasyon kote 93 lòt migran te entèsepte sou lanmè. Pandan ayisyen kontinye pran lanmè pou al chèche yon lavi miyò, otorite yo kontinye ranfòse kontwòl fwontyè maritim yo. Tout […]Lire plus...

Nan dyalòg CARICOM lan Michel Martelly reponn prezan

Ansyen prezidan Michel Martelly patisipe, madi 8 septanm 2026, nan dyalòg CARICOM ap mennen ak aktè politik ayisyen yo sou kriz peyi a ak avni tranzisyon an. Rankont sa yo fèt nan yon moman kote kesyon eleksyon yo toujou rete yon gwo defi pou Ayiti. Malgre preparasyon elektoral yo, ensekirite ak absans yon konsansis politik […]Lire plus...

Bandi kidnape mèt Caleb Jean-Baptiste nan komin Gwo Mòn

Kriminèl Lakwa Peris yo kidnape mèt Caleb Jean-Baptiste ayè lendi 7 septanm 2026 la nan komin Gwo Mòn, nan lokalite Ti Bwadòm. Stéphanie Paultre, direktris Ofis Nasyonal patenarya Edikasyon (ONAPE) te ansanm ak Caleb Jean-Baptiste, kriminèl yo kidnape l tou. Poko gen detay ki bay sou sikonstans anlèvman sa a. Detanzantan, volim kidnaping nan ap […]Lire plus...

Melchie Dumornay nan lis 30 kandida pou Balon Dò 2026

Melchie Dumornay, youn nan pi gwo jwèz foutbòl ayisyèn yo, nomine pou Balon Dò 2026, youn nan pi gwo distenksyon nan foutbòl mondyal la. Jwèz ayisyèn nan te fè yon sezon remakab ak OL Lyonnes, kote li te montre talan li, regilarite li ak enpòtans li nan ekip la. Pèfòmans li pandan sezon an pèmèt […]Lire plus...

207 migran arete nan yon bato nan dlo Turks and

Fòs Polis Royal Turks and Caicos Islands (RTCIPF) anonse li kenbe yon bato ki te twò chaje ak 207 migran pami plizyè sitwayen ayisyen jodi lendi 7 septanm nan, pandan yon operasyon siveyans fwontyè maritim yo. Se ajan Marine Branch RTCIPF la ki te detekte bato a pandan yon operasyon. Ajan yo te rive arete […]Lire plus...

Trump di Ayiti se yon tèritwa ameriken li ye

Pandan Ayiti ap fè fas ak gwo vyolans ame ak yon kriz sekirite grav, Prezidan ameriken Donald Trump pibliye, lendi 7 septanm 2026, yon kat Amerik di Nò sou Truth Social ki atire anpil atansyon. Nan kat la, drapo Etazini an kouvri non sèlman teritwa ameriken an, men tou gwo pati Kanada, Meksik, Ayiti ak […]Lire plus...

6 bandi tonbe nan echanj kout bal ak Lapolis anba

6 bandi vale dlo bouch yo pandan yon entèvansyon Polis Nasyonal d Ayiti (PNH) te mennen dimanch 6 septanm 2026 nan zòn Estad Sylvio Cator, nan Pòtoprens. Daprè PNH la, entèvansyon an te pèmèt lapolis touye 6 bandi epi sezi 5 zam, ansanm ak plizyè lòt materyèl. PNH la fè konnen inite espesyalize li yo […]Lire plus...

Eleksyon 2026: pi fò Ayisyen poko enskri sou lis elektoral

Pwosesis enskripsyon elektè yo ann Ayiti toujou ap mache, men kantite moun ki deja fè demach la rete byen lwen objektif Konsèy Elektoral Pwovizwa a. Daprè dènye done ki disponib yo, 506 953 elektè te deja enskri nan rejis elektoral la nan dat 6 septanm 2026. Chif sa a reprezante anviwon 12,6 % objektif CEP […]Lire plus...

Contact Us