6 bandi vale dlo bouch yo pandan yon entèvansyon Polis Nasyonal d Ayiti (PNH) te mennen dimanch 6 septanm 2026 nan zòn Estad Sylvio Cator, nan Pòtoprens. Daprè PNH la, entèvansyon an te pèmèt lapolis touye 6 bandi epi sezi 5 zam, ansanm ak plizyè lòt materyèl. PNH la fè konnen inite espesyalize li yo rete mobilize sou tèren an pou kontinye operasyon kont gwoup ame yo epi kontribye nan retablisman sekirite sou tout teritwa nasyonal la.













