Fòs Polis Royal Turks and Caicos Islands (RTCIPF) anonse li kenbe yon bato ki te twò chaje ak 207 migran pami plizyè sitwayen ayisyen jodi lendi 7 septanm nan, pandan yon operasyon siveyans fwontyè maritim yo. Se ajan Marine Branch RTCIPF la ki te detekte bato a pandan yon operasyon. Ajan yo te rive arete bato a san okenn ensidan, epi yo te mennen tout moun ki te abò a sou tè an sekirite.
Dapre otorite yo, moun yo ap pase kounye a devan sèvis konsène yo pou pwosesis ki nesesè yo. Kominike a fè konnen gen timoun pami moun ki te pran nan operasyon an.













